Connect with us

Bíblia HAT

2 Reis 7

1 Elize reponn li: –Koute sa Seyè a voye di ou: Denmen, vè lè sa a, nan pòtay lavil Samari a, moun pral achte dis liv bon farin frans osinon ven liv lòj pou yon grenn pyès ajan.

2 Gadkò wa a reponn pwofèt la, li di l': –Seyè a ta mèt louvri syèl la pou voye bagay sa yo, sa ou di a pa ka fèt. Elize di li: –Ou wè ou menm, w'ap wè sa rive ak pwòp je ou, men ou p'ap gen chans manje ladan l'!

3 Bò pòtay lavil Samari a, te gen kat gason ki te gen move maladi po. Yonn di lòt konsa: –Poukisa pou n' rete isit la ap tann lanmò?

4 Si nou di n'ap antre lavil la, avèk grangou ki gen la a, n'ap mouri. Si nou di n'ap rete isit la, n'ap mouri tou. Pito n' al pran yon chans nan kan lame Siri a. Si yo fè pa nou, n'a viv. Men, si yo touye nou, n'a tou mouri mouri nou.

5 Se konsa, solèy te fèk kouche lè mesye yo leve, yo pati pou kan lame Siri a. Lè yo rive toupre kan an, yo pa wè pesonn.

6 Seyè a te fè sòlda lame Siri yo tande yon bann bri, ou ta di yon pakèt cha lagè, kavalye sou chwal ak yon gwo lame k'ap mache vini sou yo. Tout sòlda peyi Siri yo te konprann se wa peyi Izrayèl la ki te pran kontak ak wa peyi Et la ansanm ak wa peyi Lejip la pou vin atake yo.

7 Se konsa, solèy te fèk kouche jou sa a lè yo leve yo kouri met deyò. Yo kite tant yo, chwal yo, bourik yo. Yo chape kò yo kite kan an jan l' te ye a.

8 Lè kat mesye yo rive nan kan an, yo antre nan yon premye tant, yo manje, yo bwè. Yo pase men yo pran lò, ajan, rad yo jwenn, yo soti al sere yo. Lèfini, yo tounen, yo antre nan yon dezyèm tant, yo fè menm bagay la.

9 Men lè sa a, yonn di lòt konsa: –Sa n'ap fè a pa bon non! Nou gen bon nouvèl konsa, nou pa ka kenbe l' pou nou ase. Si nou tann denmen maten pou n' al di moun yo sa, ou mèt sèten y'ap ban nou tò. Pito n' ale koulye a. Ann al bay nouvèl la kay wa a!

10 Se konsa, yo tounen lavil Samari, yo rele gad ki t'ap fè pòs nan pòtay lavil la. Yo ba yo nouvèl la, yo di yo: –Nou t al nan kan moun Siri yo. Nou pa jwenn pesonn, nou pa tande pesonn ap pale. Chwal ak bourik sèlman nou jwenn mare nan kòd. Ata tant yo te la jan yo te moute yo.

11 Faksyonnè ki t'ap fè pòs nan pòtay lavil la bay nouvèl la byen fò. Konsa, nouvèl la gaye jouk li rive anndan palè a.

12 Se te nan mitan lannwit. Wa a leve sot nan kabann li, li di chèf li yo: –Mwen pral esplike nou sa sòlda peyi Siri yo gen dèyè tèt yo kifè yo fè sa. Yo konnen jan grangou ap bat nou isit la. Yo soti kite kan an, y' al kache nan plenn lan. Yo konprann nou pral soti kite lavil la pou n' al dèyè manje. Lè sa a, y'a tonbe sou nou, y'a pran nou tou vivan, y'a antre nan lavil la.

13 Men, yonn nan chèf li yo di l' konsa: –Poukisa nou pa voye kèk moun ak senk chwal ki rete yo pou y' al wè sa ki pase. Kit yo tounen vivan, kit yo mouri, yo p'ap pi mal ni pi byen pase rès moun Izrayèl yo ki rete isit la. Wè pa wè, y' ap pase tankou sa ki mouri deja yo.

14 Se konsa yo chwazi kèk moun, wa a voye yo ak de cha lagè pou y' al wè sa ki rive nan kan lame peyi Siri a.

15 Mesye yo pati, yo rive jouk bò larivyè Jouden an. Sou tout wout la, yo wè rad ak yon bann lòt bagay sòlda peyi Siri yo te jete lè yo t'ap kouri met deyò a. Yo tounen, yo fè rapò yo bay wa a.

16 Menm lè a, pèp la kouri soti al piye kan lame peyi Siri yo. Jan Seyè a te di l' la, yo vann dis liv bon farin frans pou yon pyès ajan, ven liv lòj pou menm pri a.

17 Men, wa a te mete chèf gadkò li a ap veye pòtay lavil la. Se konsa pèp la pilonnen l' anba pye yo lè y'ap pase nan pòtay lavil la. Li mouri jan Elize te di l' sa lè wa a te vin wè l' la.

18 Lè sa a, Elize t'ap pale ak wa a li te di l' konsa: Denmen lè konsa, nan pòtay lavil Samari y'ap vann dis liv bon farin frans pou yon pyès ajan ak ven liv lòj pou menm pri a.

19 Se konsa chèf gadkò a te di Seyè a te mèt louvri syèl la pou voye bagay sa yo, sa Elize di a pa ka fèt. Elize menm te reponn li, li te di l': Ou wè ou menm, w'ap wè sa rive ak pwòp je ou, men ou p'ap gen chans manje ladan l'.

20 Se sa menm ki rive l'. Li mouri pilonnen anba pye pèp la lè y'ap pase nan pòtay lavil la.

Continuar Lendo

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply