Connect with us

Bíblia HAT

2 Samuel 18

1 Wa David sanble tout moun li yo. Li chwazi chèf pou chak rejiman mil sòlda ak pou chak divizyon san sòlda.

2 Lèfini, li separe lame a an twa pòsyon, yon pòsyon sou lòd Joab, yon pòsyon sou lòd Abichayi, frè Joab la, yon pòsyon sou lòd Itayi, moun lavil Gat. Apre sa, wa a di yo: -Mwen prale avè nou tou.

3 Men sòlda yo reponn li: -Non. Ou pa prale avè nou. Sa p'ap di lènmi nou yo anyen si nou kouri pou yo. Si mwatye nan nou mouri, sa p'ap di yo anyen tou. Men ou menm pou kont pa ou, ou vo dimil (10.000) sòlda tankou nou. Se poutèt sa, pito ou rete isit nan lavil la, kote ou ka jwenn konkou pou voye ban nou.

4 W'a reponn yo: -Bon! M'ap fè sa nou wè ki pi bon an. Apre sa, li al kanpe bò pòtay lavil la, pandan lame a t'ap soti, divizyon apre divizyon, rejiman apre rejiman.

5 Wa a bay Joab, Abichayi ak Itayi lòd sa a: -Tanpri, fè sa pou mwen. Al dousman ak jennonm yo rele Absalon an tande! Tout sòlda yo te tande lè David t'ap bay chèf yo lòd sa a.

6 Lame David la soti al goumen ak moun peyi Izrayèl yo. Batay la te fèt nan rakbwa Efrayim lan.

7 Lame David la bat lame Absalon an byen bat. Jou sa a, lame Absalon an pèdi venmil (20.000) sòlda.

8 Batay la gaye nan tout peyi a. Jou sa a, te gen plis moun ki mouri nan rakbwa a pase nan batay la menm.

9 Absalon al kontre ak kèk sòlda nan lame David la. Li te moute sou yon milèt. Antan l'ap pase anba yon gwo pyebwa, cheve li yo al pran nan yon branch, milèt la menm pa rete, li kouri al fè wout li. Absalon rete pandye anlè.

10 Yonn nan moun David yo wè sa, li al bay Joab nouvèl la. Li di li: -Mwen wè Absalon pandye nan yon pyebwa.

11 Joab di nonm lan: -Ou wè l'? Poukisa ou pa touye l' la menm? M' ta fè ou kado dis pyès an ajan ak yon sentiwon.

12 Men nonm lan reponn Joab: -Ou ta mèt ban mwen mil (1000) pyès an ajan la nan pla men m', mwen pa t'ap leve men m' sou pitit gason wa a. Nou tout nou te tande lòd wa a te ba ou ansanm ak Abichayi ak Itayi. Li te di: Tanpri, fè sa pou mwen. Pa kite anyen rive Absalon, pitit mwen an.

13 Si m' te pran pòz mwen pa t' tande anyen, epi m' te touye l', wa a t'ap toujou konn sa. Paske li toujou konn tou sa k'ap pase. Lè sa a, ou pa ta janm pran defans mwen.

14 Joab di li: -M'ap pèdi twòp tan la a avè ou. Li pran twa baton ak pwent yo byen fèt, li al plante yo nan kè Absalon ki te vivan toujou kote li te pandye nan pyebwa a.

15 Apre sa, dis jenn sòlda ki t'ap pote zam Joab yo tonbe sou Absalon, yo fin touye l'.

16 Lèfini, Joab fè kònen twonpèt la pou yo sispann batay la. Se konsa sòlda David yo kite rès sòlda Izrayèl yo al fè wout yo.

17 Yo pran kadav Absalon an, yo jete l' nan yon twou nan rakbwa a. Lèfini, yo kouvri l' ak yon gwo pil wòch. Tout rès moun peyi Izrayèl yo te kouri al lakay yo.

18 Depi anvan l' te mouri, Absalon te fè bati yon bèl kavo pou li nan fon Wa a, paske li t'ap di li pa t' gen pitit gason pou leve non li. Jouk jòdi a yo rele kavo a moniman Absalon an.

19 Akimaz, pitit gason Zadòk la, di Joab konsa: -Kite m' kouri al fè wa a konnen jan Seyè a rann li jistis, jan li delivre l' anba men lènmi l' yo.

20 Joab reponn li: -Non. Jòdi a pa gen bon nouvèl pou ou pote. Yon lòt jou va gen bon nouvèl pou ou pote. Men jòdi a, ou p'ap pote ankenn nouvèl bay wa a, paske se pitit gason wa a menm ki mouri.

21 Joab rele yon sòlda, moun peyi Letiopi, li di l': -Ou menm, al rakonte wa a tou sa ou te wè ak je ou. Sòlda a bese tèt devan Joab. Lèfini, li kouri, li ale.

22 Akimaz menm t'ap kenbe se pou l' ale, li di: -Nenpòt sa ki rive m', kite m' ale pote nouvèl la tou dèyè moun Letiopi a. Joab mande l': -Poukisa ou vle fè sa, pitit mwen? Yo p'ap ba ou anyen pou yon nouvèl konsa.

23 Akimaz reponn: -Sa pa fè anyen. Mwen vle ale. Lè sa a, Joab di l': -Ale non! Se konsa Akimaz kouri ale, li pran wout ki pase nan plenn Jouden an, li pran devan moun peyi Letiopi a.

24 David menm te chita ant pòtay deyò a ak pòtay anndan an. Yon faksyonnè te moute sou teras anwo miray la, li te kanpe sou tèt pòtay la. Li leve je l', li wè yon nonm ki t'ap kouri vini.

25 Li rele pou avèti wa a. Wa a di l': -Si li pou kont li, se bon nouvèl l'ap pote. Mesaje a t'ap pwoche toujou

26 lè faksyonnè a wè yon lòt moun ki t'ap kouri vini tou. Li pale ak nonm ki t'ap fè pòs bò pòtay la, li di l' konsa: -Men yon lòt moun k'ap vini pou kont li tou. Wa a reponn: -Sa a tou, se bon nouvèl l'ap pote.

27 Faksyonnè a pran ankò: -Sou jan l'ap kouri a, gen lè premye a se Akimaz, pitit gason Zadòk la. Wa a di: -Se yon bon gason. Ou mèt sèten se bon nouvèl l'ap pote.

28 Akimaz pwoche, li di wa a bonjou. Lèfini, li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè, li di: -Monwa, lwanj pou Seyè a, Bondye ou la, paske li lage tout moun ki te leve dèyè ou yo nan men ou!

29 David mande l': -Ban m' nouvèl ti Absalon an non. Li byen? Akimaz reponn li: -Monwa, lè Joab, moun pa wa a, te voye m' lan, mwen wè te gen yon gwo kouri. Men, m' pa konnen sa ki te genyen.

30 Wa a di l': -Bon. Kanpe bò la a. Tann mwen. Akimaz mete kò l' sou kote, li rete ap tann.

31 Apre sa, nonm peyi Letiopi a vin rive. Li di wa a: -Monwa, mwen gen bon nouvèl pou ou! Jòdi a, Seyè a rann ou jistis. Li wete ou anba men tout moun ki te leve dèyè ou yo.

32 Wa a mande l': -Ban m' nouvèl ti Absalon an non. Li byen? Nonm peyi Letiopi a reponn, li di l': -Se pou sa ki rive jenn gason sa a rive tout lènmi monwa yo ansanm ak tout lòt moun k'ap leve dèyè ou pou fè ou mal.

33 Lè wa a pran nouvèl la, sa te twòp pou li. Li moute nan chanm li anwo sou tèt pòtay la pou l' kriye. Antan li prale konsa, li t'ap rele: -Absalon! Absalon, pitit mwen! Absalon! Poukisa se pa mwen ki te mouri nan plas ou! Woy! Absalon, pitit mwen! Absalon, pitit mwen!

Continuar Lendo

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply