Connect with us

Bíblia HAT

2 Samuel 9

1 Yon jou, David mande: -Pa rete yon moun menm nan fanmi Sayil la? Si genyen, mwen ta renmen aji byen avè l' poutèt Jonatan.

2 Te gen yon domestik ki t'ap travay lakay Sayil ki te rele Ziba. Yo fè chache l', yo mennen l' bay wa a. Wa a mande l': -Se ou menm nonm yo rele Ziba a? Li reponn: -Wi, monwa. Mwen la pou m' sèvi ou.

3 Wa a mande l': -Pa gen yon moun ki rete nan fanmi Sayil la, pou m' ka fè kichòy pou li jan mwen te pwomèt sa devan Bondye? Ziba reponn li: -Wi, gen yonn nan pitit gason Jonatan yo ki vivan toujou. Men, li enfim nan tou de pye l' yo.

4 Wa a mande l': -Kote l' ye? Ziba reponn: -Li kay Maki, pitit gason Amiyèl la, lavil Lodeba.

5 Se konsa, David voye chache l'.

6 Lè Mefibochèt, pitit Jonatan, pitit pitit Sayil la, rive, li mete ajenou, li bese tèt li rive atè devan David. David di l' konsa: -Mefibochèt? Li reponn: -Se mwen menm, monwa. M' la pou m' sèvi ou.

7 David di l' konsa: -Ou pa bezwen pè. Mwen pral aji byen avè ou poutèt Jonatan, papa ou. M'ap renmèt ou tout tè ki te pou Sayil, granpapa ou. Lèfini, chak jou w'a vin manje sou tab avè m'.

8 Mefibochèt bese tèt li byen ba ankò, li di: -Monwa, poukisa w'ap okipe yon vye chen tou mouri tankou mwen?

9 Lè sa a, wa a rele Ziba, domestik Sayil la, li di l' konsa: -Mwen renmèt Mefibochèt, pitit pitit gason mèt ou a, tou sa ki te pou Sayil ak fanmi l'.

10 Ou men, ansanm ak pitit gason ou yo ak moun k'ap sèvi avè ou yo, nou pral travay tè a pou li. W'a pote rekòt la ba li pou rès fanmi l' ka jwenn manje pou yo manje. Men, Mefibochèt li menm ap toujou vin manje chak jou sou tab avè m'. Ziba te gen kenz pitit gason ak ven moun k'ap sèvi l'.

11 Ziba reponn li: -M'ap fè tou sa monwa ban m' lòd fè. Se konsa, Mefibochèt toujou manje sou tab ansanm ak David tankou si li te yonn nan pitit wa a.

12 Mefibochèt te gen yon pitit gason ki te piti joujou. Li te rele Mika. Tout moun ki te rete kay Ziba t'ap travay pou Mefibochèt.

13 Se konsa, Mefibochèt ki te enfim nan tou de pye l' yo rete lavil Jerizalèm. Li t'ap manje chak jou sou tab ansanm ak wa a.

Continuar Lendo

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply