Connect with us

Bíblia HAT

Salmos 136

1 Di Bondye mèsi, paske li gen bon kè. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

2 Di Bondye ki gen pouvwa pase tout lòt bondye yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

3 Di chèf ki pi gwo chèf pase tout chèf yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

4 Se li menm sèl ki fè gwo mèvèy. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

5 Avèk bon konprann li, li tè fè syèl la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

6 L'a bati tè a sou dlo yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou:

7 Se li ki te kreye lalin ak solèy. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

8 Solèy pou klere lajounen. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

9 Lalin ak zetwal yo pou klere lannwit. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

10 Se li menm ki te touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

11 Li fè pèp Izrayèl la soti nan peyi Lejip. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

12 Avèk kouraj li, ak fòs ponyèt li, Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

13 Se li menm ki te fann Lanmè Wouj la de bò. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

14 Li fè pèp Izrayèl la pase nan mitan. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

15 Men, li pouse farawon an ak tout lame l' yo nan Lanmè Wouj la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

16 Se li ki mennen pèp li a lè pèp la te nan tout dezè a. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

17 Li kraze wa ki te gen pouvwa. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

18 Li touye gwo wa yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

19 Siyon, wa peyi Amon an. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

20 Og, wa peyi Bazan an. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

21 Li pran peyi yo, li bay pèp li a. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

22 Li bay moun pèp Izrayèl yo peyi sa yo pou yo rete. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

23 Li pa t' bliye nou lè nou te anba kou. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

24 Li delivre nou anba men moun ki t'ap peze nou yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

25 Se li ki bay tout moun ak tout zannimo manje. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

26 Di Bondye ki anwo nan syèl la mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Continuar Lendo

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply