Connect with us

Bíblia HAT

Salmos 139

1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Seyè, ou sonde m', ou konnen ki moun mwen ye.

2 Ou konnen lè m' chita, ou konnen lè m' kanpe. Ou rete byen lwen, ou konnen tou sa k'ap pase nan tèt mwen.

3 Mwen te mèt ap mache, mwen te mèt kouche, ou wè m', ou konnen tou sa m'ap fè.

4 Mwen poko menm louvri bouch mwen, ou gen tan konnen tou sa mwen pral di.

5 Kote m' vire, ou la bò kote m', w'ap pwoteje m' ak pouvwa ou.

6 Konesans ou genyen yo twòp pou mwen. Yo depase m', mwen pa konprann yo.

7 Ki bò mwen ta ale pou m' pa jwenn ak ou? Ki bò mwen ta ale pou ou pa wè m' devan je ou?

8 Si m' moute nan syèl la, se la ou ye. Si m' desann kote mò yo ye a, ou la tou.

9 Si m' vole ale bò kote solèy leve, osinon si m' al rete bò lòt bò lanmè,

10 l'a ankò, w'ap toujou la pou mennen m', w'ap la pou pwoteje m'.

11 Si mwen di: -Bon! M' pral kache nan fènwa a. M' pral rete kote tout limyè mouri.

12 Fènwa pa fè nwa pou ou. Lannwit klere kou lajounen pou ou. Kit li fènwa, kit li lajounen, se menm bagay pou ou.

13 Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m', se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m'.

14 M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.

15 Ou te konnen tout zo nan kò m', depi lè m' t'ap fòme kote moun pa t' ka wè a, depi lè ou t'ap travay mwen ak ladrès nan fon tè a.

16 Depi anvan m' te fèt, tout lavi m' te devan je ou. Tou sa mwen tapral fè te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fè yo.

17 Bondye, sa ki nan tèt ou twò difisil pou m' konprann, lèfini yo anpil!

18 Si m' ta vle konte yo, yo ta pi plis pase grenn sab ki bò lanmè. Si m' ta janm rive fin konte yo, mwen p'ap pi konnen ou pase sa.

19 Bondye, si ou ta vle touye mechan yo! Si ou ta vle fè ansasen yo manyè kite m' an repo!

20 Yo anba chal! Y'ap revòlte kont ou. Y'ap pale ou mal.

21 Seyè, kouman ou ta vle pou m' pa rayi moun ki rayi ou yo! Kouman ou ta vle pou m' pa gen degoutans pou moun k'ap leve dèyè ou yo?

22 Mwen pa manke rayi yo. Mwen konsidere yo tankou lènmi m'.

23 Sonde m', Bondye! Wè tou sa ki nan kè m'! Fouye m'! Wè tou sa ki nan lide m'!

24 Gade wè si m' sou yon move chemen. Mennen m' sou chemen ki la pou tout tan an.

Continuar Lendo

Leave a Reply

O seu endereço de e-mail não será publicado. Campos obrigatórios são marcados com *