Connect with us

Bíblia HAT

Salmos 36

1 (36:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, sèvitè Seyè a. (36:2) Peche a pale nan fon kè mechan an: li mete nan tèt li pa gen rezon pou gen krentif Bondye.

2 (36:3) Li kwè li pi bon pase sa l' ye a: konsa, li pa vle rekonèt peche l' yo.

3 (36:4) Tout pawòl nan bouch li se move pawòl, se manti ase l'ap bay. Li fin pèdi tèt li, li pa ka fè anyen ki byen anko.

4 (36:5) Li kouche sou kabann li, l'ap fè move plan. Li sou yon move pant, li dakò ak tou sa ki mal.

5 (36:6) Seyè, ou renmen nou anpil anpil. Ou toujou kenbe pawòl ou.

6 (36:7) Jistis ou kanpe fèm tankou gwo mòn ou yo. Jijman ou yo se bagay moun pa ka fin konprann. Seyè, se ou menm ki pran swen moun ansanm ak tout bèt yo.

7 (36:8) Bondye, ala bon sa bon, renmen ou gen pou nou an! Se anba zèl ou lèzòm jwenn pwoteksyon.

8 (36:9) Yo manje vant plen ak manje yo jwenn an kantite lakay ou. Bon bagay ou yo tankou yon rivyè dlo k'ap koule kote yo bwè kont kò yo.

9 (36:10) Paske, se ou menm ki sous lavi a. Se limyè ou ki fè nou wè klè!

10 (36:11) Toujou renmen moun ki konnen ou! Toujou fè byen pou moun ki san repwòch devan ou!

11 (36:12) Pa kite awogan yo mete pye sou kou m'. Pa kite mechan yo fè m' kouri.

12 (36:13) Gade jan moun k'ap fè mal yo tonbe non! Yo rete atè a, yo pa ka kanpe sou pye yo ankò!

Continuar Lendo

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply