Connect with us

Bíblia HAT

Salmos 66

1 Pou chèf sanba yo. Chante sa a se yon sòm li ye. Nou tout ki rete sou latè, rele ak kè kontan pou Bondye! Fe fèt pou fè lwanj Bondye!

2 Chante pouvwa Bondye! Fè gwo fèt pou fè lwanj li!

3 Di Bondye: -Sa ou fè yo se bagay ki pou fè moun respekte ou. Ou sitèlman gen pouvwa, lènmi ou yo ap flate ou.

4 Tout moun ki rete sou latè ap adore ou. Y'ap chante pou ou, y'ap chante pou sa ou fè.

5 Vini non! Al gade sa Bondye fè! Li fè bagay ki pou fè moun sou latè respekte li.

6 Li fè fon lanmè a tounen tè sèk: Zansèt nou yo travèse rivyè a san pye yo pa mouye. Ann fè kè nou kontan pou sa li te fè!

7 Avèk fòs kouraj li l'ap dominen pou tout tan. L'ap gade tout sa nasyon yo ap fè. Si gen moun ki vle fè rebèl, pito yo pa leve tèt yo?

8 Nou menm pèp yo, di Bondye mèsi! Fè tout moun tande jan n'ap fè lwanj li!

9 Se li menm ki ban nou lavi. Li pa kite pye nou glise.

10 Bondye, ou te fè nou pase anba tray pou ou te wè kote nou ye. Wi, menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon, se konsa ou te fè nou pase anba tray.

11 Ou te kite nou tonbe nan pèlen an. Ou te mete yon chay lou sou do nou.

12 Ou kite nenpòt moun ap pase nou lòd. Nou pase nan dife, nou pase nan gwo dlo. Men, ou wete nou nan tout move pa, ou delivre nou.

13 M'a vin lakay ou ak bèt pou yo boule pou ou, m'a ofri ou sa mwen te pwomèt ou a.

14 M'a kenbe pawòl mwen te di lè m' te nan tray la.

15 M'a ofri mouton byen gra pou yo boule pou ou sou lotèl la, ansanm ak odè vyann y'ap boukannen pou ou. Wi, m'a ofri ou towo bèf ak bouk kabrit.

16 vin koute non, nou tout ki gen krentif pou Bondye. M'a di nou sa Bondye fè pou mwen.

17 Mwen rele nan pye l', mwen te deja pare pou m' te fè lwanj li.

18 Si mwen te gen move lide nan tèt mwen, Seyè a pa ta koute sa m' t'ap di l' la.

19 Men Bondye te koute sa m' t'ap di l' la, li te tande m' lè m' t'ap lapriyè.

20 Lwanj pou Bondye! Mèsi Bondye! Ou pa t' kite m' lapriyè pou gremesi. Ou pa t' refize fè m' wè jan ou gen bon kè.

Continuar Lendo

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply